Etidyan ke yo Aksepte Pwochen Etap yo
Felisitasyon epi Byenvini nan MassBay!
Felisitasyon epi Byenvini nan MassBay!
Yon fwa ou resevwa lèt akseptans ou a, pataje nouvèl la ak fanmi w ansanm ak zanmi w! Chèche konnen kominote MassBay a nan swiv nou sou
Facebook:
www.facebook.com/MassBayCommunityCollege
ak sou Twitter/X:
Plasman nan nivo apwopriye Anglè ak Matematik se yon eleman fondamantal nan edikasyon w. Men sa ki dwe fèt pou egzijans plasman nou yo ka satisfè:
Voye fotokopi relve nòt lekòl segondè w yo, kolèj oswa HiSET/GED oswa mwayèn SAT/ACT bay biwo Admisyon yo nan admissions@massbay.edu pou wè si ou kalifye. Tanpri note ke si ou pran tès plasman an, ou pral bezwen montre yon kat Idantite ki gen foto w sou li nan randevou w la.
Tanpri note ke nou te fè tès plasman an tounen yon pwosesis ki fèt sou entènèt la pou moman an.
Ranpli Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Etidyan (FAFSA) pou ane lekòl wap planifye pou enskri nan MassBay a. Yo itilize FAFSA a pou detèmine elijiblite w pou resevwa èd finansye federal ak eta a. FAFSA a twouve l sou Entènèt la nan www.fafsa.gov. Asire w ke w ajoute nimewo kòd federal lekòl MassBay Community College la kise: 002171. Si ou gen kesyon konsènan èd finansye, ou ka rele biwo a nan 781-239-2600 oswa voye yon imèl bay finaid@massbay.edu.
Tanpri note ke nou pa pral ofri sèvis pou èd finansye sou kanpis la ankò men n ap ofri yo adistans pou moman an.
MassBay ofri anpil sesyon Oryantasyon ak Enskripsyon pou tout nouvo etidyan yo. Sesyon sa yo rele SOAR (Oryantasyon pou Elèv, Konsèy, ak Enskripsyon). Sesyon SOAR sou-kanpis la oswa sou entènèt la (on-campus or online SOAR session) la se kote ou pral gen pou fè konesans epi travay ak pwofesè ansanm ak anplwaye nou yo, pou ka vin adapte w ak kolèj la, pou rankontre avèk yon konseye akademik, epi enskri pou kou kolèj ou yo. Ou pral kite sesyon SOAR sou-kanpis ou a avèk orè kou kolèj ou a nan men w.
Gen anpil sesyon pou chwazi ladan yo, men ou dwe konplete Tès Plasman w la avan wal patisipe nan yon sesyon SOAR. (Gade etap nimewo 2 a sou fason pou enskri pou Tès Plasman w lan.) Pou enskri pou yon sesyon Oryantasyon ak Enskripsyon obligatwa, tanpri vizite paj entènèt Enskripsyon ak Oryantasyon pou Etidyan MassBay yo (the MassBay Student Orientation And Registration web page) oswa rele 781-239-2721. Tanpri note ke ou pral bezwen montre yon pyès IDANTITE ki gen foto w sou li pandan randevou w la.
Tanpri note ke etidyan Mekanik oto ak anpil etidyan Syans Sante gen sesyon oryantasyon espesyal pou yo. Tanpri gade nan lèt akseptans ou a oswa kontakte admissions@massbay.edu pou plis detay.